OBJEKTIF LIV SA A, SE PA POU RANPLASE KONSÈY YON AVOKA KALIFYE SOU JAN POU W MENNEN YON KA NAN APÈL

Gid Pou Fè Apèl "Pro Se", Pou Reprezante Tèt Ou nan yon Pwosedi Apèl la, se travay moun ki manm nan Seksyon Pratik pou Fè Apèl nan Bawo Florid la, ki fè l tankou yon sèvis pou piblik la. Gid "Pro Se" sa a (ki rele tou Patisipan k ap "Reprezante Tèt li" nan yon Pwosedi) se pa yon gid konplè pou fè apèl, kidonk li pa reponn tout kesyon ou ka genyen, ni li pa garanti ou pral genyen pwosedi a. Epi tou, objektif li se pa pou bay konsèy pou moun pratike pwofesyon avoka a san lisans. Moun pa dwe site l kòm referans.

Li pa dwe sèvi pou bay moun konsèy legal, epi avoka ki pa gen esperyans nan pwosedi apèl yo pa dwe konprann yo kapab depann sou Gid sa a. Se yon travay k ap kontinye pwogrese, li pa kouvri tout enfòmasyon yo, epi ou ka jwenn dènye piblikasyon an nan adrès: http://www.flabarappellate.org.

Se sèlman yon gid elemantè pou asiste moun ki pa kapab oubyen ki pa vle pran yon avoka, mennen oswa defann yon ka nan apèl. Li pa egzante w li ak konprann tout Règ Florid pou Pwosedi Apèl yo ak Règleman Florid ki aplikab pou tout kalite apèl ak òdonans estrawòdinè yo. Li pa ka egzante w non plis pou w pran yon avoka ki konpetan nan pwosedi apèl la, epi ki konnen lwa sou apèl yo. YON PATI KI PRAL NAN YON PWOSEDI APÈL TA DWE PRAN YON AVOKA KI BYEN FÒME EPI KI GEN ESPERYANS NAN PWOSEDI APÈL.

Yon pati "pro se" dwe li ak konprann Règ Florid sou Pwosedi Apèl yo. Yon pati "pro se" ta gen avantaj tou pou l gade Florida Appellate Practice, ki se yon piblikasyon Florida Bar [Bawo Florid la], ak Florida Appellate Practice, Philip Padovano ekri a, ansanm ak lòt liv sou pwosedi apèl nan Florid, pou jwenn plis enfòmasyon sou apèl ak sou petisyon.

ATANSYON: DANJE KI KA GENYEN SI W REPREZANTE TÈT OU

Yon pwosedi "pro se", kote ou "reprezante tèt ou", vle di moun lan pa gen yon avoka pou ede l nan kesyon legal yo, epi l ap reprezante tèt li. Pa gen okenn diferans ant reprezante tèt ou paske se sa ou chwazi, ak reprezante tèt ou paske ou pa kapab peye yon avoka. Yon moun k ap reprezante tèt li dwe byen konprann pwen sa yo:

  1. Tribinal apèl la pa pral bay moun k ap reprezante tèt li a ("pro se") okenn tretman espesyal, ni neglije aplikasyon règ yo sèlman paske moun lan ap reprezante tèt li san li pa yon avoka.
  2. Tout pati yo ak tout avoka yo oblije suiv Règ Administrasyon Jidisyè yo, ak Règ nan Florid pou Pwosedi Apèl yo, ansanm ak tout "pwosedi fonksyonnman entèn" tribinal apèl yo, ki rele "IOP", ki aplikab pou tribinal sa a. Sa pa fè okenn diferans si yon moun ap reprezante tèt li nan yon pwosedi apèl san li pa gen okenn fòmasyon legal fòmèl.
  3. Règ pou Pwosedi Apèl nan Florid yo di ki pledwari ak ki dokiman moun lan dwe depoze, ansanm ak konbyen jou davans pou depoze yon pledwaye oubyen yon dokiman, tankou yon mosyon oubyen yon ekspoze.
  4. Tout pati yo dwe respekte dat limit pou depoze dokiman yo. Yo pa pral pèmèt yon moun depoze yon mosyon oswa yon ekspoze an reta sèlman paske moun sa a ap reprezante tèt li, epi paske li pa gen yon fòmasyon legal ki fòmèl. Yo pa pral pèmèt yon moun mande yon pwolongasyon delè ak/oswa yon ajounman seyans sèlman paske moun sa a ap reprezante tèt li ("pro se").
  5. Tribinal apèl la fè revizyon li sèlman nan limit dosye pou apèl ki soti nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. Pa egzanp, si yon pati te bliye prezante yon pyès jistifikatif kòm prèv nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an, pou yo mete pyès la nan dosye ki pral sèvi nan apèl la, tribinal apèl la pa kapab konsidere agiman ki an rapò avèk pyès sa a. Rezon an, se paske prèv sa a pa nan dosye ki soti nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an. Pou menm rezon an, tribinal apèl la pa kapab nòmalman konsidere okenn agiman ki pa te prezante nan tribinal kote jijman an te fèt anvan an.
  6. Tribinal apèl la oblije suiv lalwa, règ yo, règleman yo, ak desizyon tribinal ki enpòtan epi ki koresponn ak fè yo. Tribinal apèl la pa kapab fè okenn eksepsyon espesyal pou moun ki parèt kòm "pro se".
  7. Si gen yon avoka ki reprezante pati advès la, tribinal apèl la kapab bay lòd pou youn nan pati yo remèt lajan avoka pati advès la depanse, ansanm ak depans pou jijman yo si se pati advès la ki genyen pwosè a; nan kèk ka, tankou apèl pou pwosè nan dwa fanmi, tribinal la kapab bay lòd peye yon lajan pou depans.
  8. Si gen yon avoka ki reprezante pati advès la, li kapab difisil pou pati ki "pro se" a genyen pwosè a. Fòmasyon jiridik avoka pati advès la kapab pèmèt li genyen pwosè a paske avoka a konn sèvi avèk dispozisyon legal yo oubyen teknik pwosedi yo, oubyen paske li konn sèvi avèk lwa ak agiman pou defann yon ka.
  9. Lwa ki règlemante Bawo Florid la ak Tribinal Siprèm Florid la defann moun "pratike pwofesyon avoka san lisans". Sa vle di yon moun ki pa yon avoka otorize (menm si l se yon avoka ki gen lisans pou lòt Eta oubyen yon etidyan an dwa) pa kapab bay konsèy legal, ni pale pou yon moun nan yon jijman si l pa gen yon lisans pou pratike pwofesyon avoka a nan Eta Florid la. Pou di sa yon lòt jan, yon moun ki pa avoka, oubyen ki pa gen yon lisans pou pratike pwofesyon avoka a nan Eta Florid la, pa kapab bay pèsonn konsèy legal, ni eseye aji tankou avoka yon lòt moun – kit se pou ekri papye, kit se pou parèt nan tribinal. Ni Bawo Florid la, ni Tribinal Siprèm Florid la pa plezante sou kesyon pratike pwofesyon avoka a san lisans. Bawo Florid la pral fè ankèt ak rele moun devan lajistis, epi Tribinal Siprèm Florid la pral pran sanksyon (ki kapab yon amann jiska 2 500 dola oubyen prizon pou jiska senk [5] mwa), si yo dekouvri yon moun aji kòm avoka yon lòt moun, san lisans pou pratike pwofesyon avoka nan Eta Florid la.

Anvan li ale pi lwen, yon pati ki "pro se" ta dwe kontakte bawo avoka nan vil li a ak/oswa Bawo Florid la, pou mande si yo genyen oubyen konnen nenpòt pwogram "pro bono" [avoka gratis] ki kapab ede yon pati "pro se" jwenn asistans legal pou yon apèl, san pati a pa bezwen peye avoka a pou pwosedi apèl la. Lè pa gen pwogram "pro bono" nan zòn lan, si pati "pro se" a peye yon avoka pou ede l, sa kapab fè l ekonomize lajan pi devan.

Lè yon moun sèvi avèk Gid sou Seksyon Pratik pou Fè Apèl nan Bawo Florid la, li dakò pou l pa rann ni Seksyon Pratik pou Fè Apèl nan Bawo Florid la, ni pèsonn ki patisipe nan ekri Gid pou Fè Apèl "Pro Se" a responsab anyen, ni eseye pote plent kont yo.